Hesperian Health Guides

Blesi nan tèt

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Si yon moun fè yon chit, si li pran yon kou nan tèt li, oubyen si li fè yon aksidan machin, voye je sou li pou wè si li pa blese nan sèvo a. Si yon moun sou, oubyen si li dwòge, nou mal pou konnen si li blese nan sèvo a. Se ka menm siy ki fè nou rekonèt ni youn ni lòt la. Si yon moun blese nan tèt, fòk nou egzaminen li pou wè si li pa blese nan zo rèl do a tou. Toulede ka mache ansanm.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT YON BLESI NAN SÈVO KI PA TWÒ GRAV
  • L ap depale oubyen li dekonpoze, men pwoblèm yo ap pase vit.
  • Li pa ka sonje ki sa ki te pase
  • Pandan yon ti tan, li wè twoub, li wè koukouy.
  • Li gen anvi vomi oubyen vomisman ki pa dire lontan
  • Li gen maltèt, tèt vire, epi li bouke


Mande li rete kouche pandan 24 èdtan konsa, epi ba li yon medikaman ki pou fè doulè a pase, tankou parasetamòl. Pa ba li ni ibuprofène (ibipwofèn) ni spirin paske si l ap senyen anndan tèt li, medikaman sa yo ap fè li bay plis san. Voye je sou moun nan pandan 24 èdtan. Si li tonbe dòmi, reveye li chak de twa zèdtan pou wè si li kapab pale bon koze lè nou poze li kesyon. Si moun nan ap depale plis, si li gen maltèt ki pi rèd toujou, si li pèdi konnesans, oubyen si li fè kriz, li gen lè ap senyen anndan tèt li. Kouri al chache konkou doktè.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT YON BLESI NAN SÈVO KI GRAV ANPIL

Chache konkou si nou wè nenpòt nan siy sa yo :

  • Li endispoze nèt, li pèdi konnesans.
  • Li gen maltèt k ap vin pi rèd toujou, li pa wè byen, li pa ka rete an ekilib.
  • Li gen anvi vomi ak vomisman.
  • L ap depale, tanperaman li ap chanje, l ap vole sou moun.
  • Kè li bat twò vit oubyen twò lant, oubyen li pèdi konpa li.
  • Li pran ti souf byen vit, oubyen souf li pa regilye ; kèk fwa li rapid, kèk fwa li lant.
  • Po a cho, li wouj.
  • Li fè kriz.
  • Nen li oubyen zòrèy li ap degoute san osinon dlo.


Siy nou ka wè de twa zèdtan aprè aksidan an :

  • Yon manman je (nwa je) pi gwo pase lòt la
Yon je ak manman a je ki byen gwo Yon je ak manman je a ki pi piti
  • Genyen mak ble ki kouwonnen je li yo, oubyen ki dèyè zòrèy li.
NWTND fa Page 23-3.png
NWTND fa Page 23-4.png

Tèt k ap senyen

Blesi nan tèt konn bay anpil san. Si nou konnen san dout ke zo rèl do a pa blese, mande li leve chita, oubyen mete li chita, paske sa ka fè l senyen pi dousman. Fè fòs sou blesi a pou rete san an. Apre sa, netwaye blesi a byen, epi fèmen l ak pwen kouti oubyen ak lakòl. Si nou pa genyen anyen disponib, pran cheve sou de bò blesi a. Mare yo ansanm pou fèmen blesi a jan yo montre nou nan desen sa a :

Y ap pran cheve sou de bò yon blesi epi yo mare yo ansanm pou fèmen blesi a.


Si li gen yon gwo blesi nan tèt, fouye l pou wè si zo tèt la pa blese. Si nou kwè zo tèt la ka kase, fè fòs sou de bò blesi a, men evite fè twòp fòs dirèkteman sou blesi a.

Nen k ap senyen

Penchen nen an byen di, jis anba zo nen.

Yon moun ki panche tèt li devan pandan l ap penchen nen li.

Kenbe l fò pou 10 minit—san ou pa menm fè yon ti gade pou wè si san an pa rete. Sinon, li ka reprann senyen. Lè 10 minit fin pase epi l ap senyen toujou, rekòmanse pou 10 minit ankò.

Anpil fwa, lè yon moun gen nen k ap senyen, sa ap pase san pwoblèm. Men si yon moun pèdi anpil san, se toujou grav. Fè atansyon si se yon ti granmoun ki gen nen li k ap senyen.

KI SA POU NOU FÈ POU NEN MOUN PA SENYEN

Pase yon ti ponmad vazlin anndan nen an. Si anndan nen an sèch, l ap senyen pi fasil. Lè yon moun foure dwèt li nan nen an, li ka fasil fè nen an senyen.