Hesperian Health Guides

Blesi nan lestomak ak zo kòt kase

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Yon chofè nan machin ki fè aksidan.
Yon gwo so, osinon yon gwo aksidan, ka fè anpil zo kòt kase alafwa.

Lè yon moun fè aksidan, si sa fè li mal bò kòt la, epi yon doulè rèd ap mòde l lè li pran souf oubyen lè li touse, li ka genyen yon zo kòt ki kase. Manyen kòt la. Si nou wè yon zo kòt ki peze po a pa anba, oubyen si nou wè li fè fon nan lestomak la, epi nou mal pou manyen li tank li fè mal, kòt la kase. Si li gen yon sèl zo kòt ki kase, epi zo a rete nan plas li, ba li medikaman pou fè doulè a pase. Moun nan pa gen dwa leve chay ni travay di pandan kèk senmenn. L ap geri pou kont li san trètman. Fè moun nan sonje pou li rale kèk gwo souf chak de twa zèdtan. Sa ap fè l mal, men konsa l ap fè poumon li yo fonksyone byen.

Lè genyen anpil zo kòt ki kase

(Lè li rale souf li, pati ki kase a rantre ; lè li lage souf la, pati sa a gonfle.)

  1. Mete yon gwo tanpon oubyen rad pliye sou zo kot kase yo.

  2. NWTND fa Page 25-1.png


  3. Mete moun ki blese a kouche nan pozisyon li ka pran souf pi alèz la.
  4. Voye je sou li pou wè si li pa fè chòk. Chache konkou.

Gwo blesi fon nan lestomak

Si yon moun pran yon bal fizi, yon kout kouto, si li blese nan esplozyon, oubyen si li kase kòt li serye, nenpòt ladan yo ka fè twou nan poumon ki pèmèt lè a antre soti.

  1. Kouvri blesi a touswit ak nenpòt bagay ki pa p pèmèt lè a pase, tankou yon pansman ki kouvri ak vazlin, yon sak plastik pliye, oubyen yon fèy bannann.
  2. Tache l byen ak adezif sou 3 kote pou lè a ka soti, men pou lè a pa ka antre.
  3. Yon pansman sou lestomak la ki tache ak adeziv sou 3 kote—anwo e sou 2 kote
  4. Mete moun ki blese a kouche nan pozisyon kote li ka pran souf pi alèz la. Chache konkou.