Hesperian Health Guides

Antibyotik

Ki jan pou nou okipe timoun : Medikaman

Antibyotik se medikaman ki ka kraze fòs enfeksyon mikwòb kapab bay la. Yo pa aji sou maladi viris, tankou varisèl, lawoujòl, grip, ak rim. Se pa tout antibyotik ki ka konbat tout mikwòb maladi. Antibyotik ki sanble youn ak lòt, nou di yo soti nan menm fanmi an. Se pou nou konnen nan ki fanmi antibyotik la soti. Men pouki sa nou dwe konnen:
  1. Antibyotik ki soti nan menm fanmi an ka byen trete menm pwoblèm yo. Sa vle di, nou ka sèvi ak yon lòt medikaman nan menm fanmi an.
  2. Antibyotik ka bay reyaksyon alèji. Depi yon moun fè alèji ak yon antibyotik, se tout antibyotik ki soti nan menm fanmi an ki va bay menm pwoblèm nan. Konsa, nou oblije sèvi avèk yon antibyotik ki soti nan yon lòt fanmi.

Fòk nou pran antibyotik la san sote dòz, jis nou fin pran tout medikaman nou gen pou pran an. Si nou sispann pran li twò bonè, enfeksyon an ka tounen, epi lè sa a, l ap pi mal pou trete.

Pénicilline


(pénicilline ; penicillin)

Medikaman ki nan fanmi penisilin se pami remèd yo pi sèvi pou touye mikwòb. Yo bon pou anpil kalite enfeksyon, menm enfeksyon ki bay postim. Nou mezire dòz penisilin nan an miligram (mg), oubyen an inite. Pénicilline G : 250 mg = 400,000 inite. Pou pifò moun, penisilin se yon medikaman ki pa gen danje. Si yo pran yon dòz ki twò gwo, li pa p fasil fè yo mal, men se lajan jete.

Lè penisilin pa p travay

Gen de lè penisilin pa p aji sou enfeksyon an ; li pa ka konbat enfeksyon an jan pou l ta fè l la. Se ka paske mikwòb yo vin gen yon fòs pou kenbe tèt ak penisilin. Si penisilin senp pa bay rezilta, nou mèt eseye yon lòt kalite penisilin, oubyen yon antibyotik ki soti nan yon lòt fanmi. Pa egzanp, lè se nemoni k ap kenbe anba penisilin, sèvi ak amoxicilline nan plas li.

NBgrnimportant.png
Danje ak prekosyon Pou tout kalite penisilin (ampicilline ak amoxicilline ladann)

Genyen kèk moun ki fè alèji ak penisilin ; san yo pa ale avè l. Lè konsa, yo konn gen gratèl ak bousòl ki leve sou kò yo. Sa konn pran kèk èdtan, menm kèk jou apre yon moun pran penisilin anvan gratèl la parèt. Reyaksyon alèji a ka dire kèk jou. Fòk malad la sispann pran penisilin touswit. Yon antihistaminique (anti-istaminik) ka soulaje gratèl la. Si penisilin bay kè plen ak dyare, se pa yon reyaksyon alèji yo ye. Menm si li bay ti traka, sa pa mande yon moun sispann bwè penisilin.

Yon lè konsa, penisilin ka bay yon move reyaksyon yo rele chòk alèji. Lè konsa, fini yon moun fini bwè penisilin lan, se mèt kèk minit, se mèt kèk èdtan, figi li vin wouj, lèv ak gòj li yo kòmanse anfle, li pa ka pran souf byen, li kòmanse dekonpoze, epi li tankou yon moun ki pran yon chòk. Genyen gwo danje nan sa. Fòk nou ba li adrénaline touswit. Se pou nou toujou gen li disponib lè n ap bay piki penisilin. Al gade nan Premye Swen, Medikaman.

Si yon moun fè alèji ak penisilin, fòk li pa janm pran penisilin ankò — ni amoxicilline, ni ampicilline, oubyen lòt antibyotik ki soti nan menm fanmi an — ni nan bouch, ni nan piki. Si li ta pran li yon lòt fwa, alèji a ka pi fò, epi li ka rive touye l menm. Se pou li sèvi ak érythromycine oubyen yon lòt antibyotik.

Piki

Pou pifò enfeksyon penisilin ka geri, bay penisilin nan bouch. Piki penisilin gen plis danje pase penisilin pou vale ; yo pi fasil bay alèji ki grav ak lòt pwoblèm. Fè atansyon jan nou sèvi avè l. Sèvi ak piki penisilin sèlman pou enfeksyon ki grav anpil.

Ampicilline e amoxicilline


(anpisilin ak amoksisilin)

Ampicilline ak amoxicilline se antibyotik ki ka touye anpil kalite mikwòb. Souvan, nou ka sèvi ak ni youn ni lòt la. Kote liv sa a preski ampicilline, nou ka ranplase l souvan ak amoxicilline. Veye byen pou nou bay bon dòz la.

Pa fasil genyen danje nan ampicilline ak amoxicilline. Yo bon anpil pou tibebe ak timoun piti. Ampicilline bon pou trete menenjit ak lòt kalite enfeksyon grav kay tibebe ki fèk fèt. Amoxicilline bon pou trete nemoni.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Efè segondè (efè ki pa ann afè ak trètman an epi ki ka bay traka)
Toulede medikaman sa yo, men sitou ampicilline, ka bay gwo anvi vomi ak dyare. Si yon malad deja gen dyare, li ta pi bon pou nou pa ba li medikaman sa yo. Chache jwenn yon lòt antibyotik.

Malad la ka gen yon gratèl ki leve sou kò a. Men, si li leve glòb ak boul ki vini ale nan kèk èdtan, se ka yon alèji ak penisilin l ap fè. Fòk li sispann pran medikaman an touswit, epi fòk nou pa janm ba li yon antibyotik nan fanmi penisilin ankò. Si li ta pran li yon lòt fwa, alèji a ka pi fò, epi li ka rive touye l menmNou ka sèvi ak erythromycine pou trete kèk pwoblèm.

Lè yon moun gen gratèl ak bousòl ki sanble ak lawoujòl ki leve sou kò a 8 jou konsa apre li kòmanse pran medikaman an, epi yo dire kèk jou, sa pa vle di toutan ke se yon alèji li fè. Men nou pa ka sèten si se yon alèji oubyen non. Jeneralman, li pi bon pou moun nan sispann pran antibyotik la.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Genyen plis mikwòb toujou ki kenbe tèt ak 2 medkaman sa yo. Nan chak zòn gen kèk kalite enfeksyon, tankou chigela, estafilokòk ak lòt enfeksyon, kote nou pa ka sèvi ankò ak medikaman ke nou te konn sèvi pou trete yo.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrninjectpill.png

Ampicilline ak amoxicilline, toulede bay bon rezilta lè moun pran yo nan bouch. Nou ka bay piki ampicilline men sèlman pou trete maladi ki grav, tankou menenjit, oubyen lè timoun nan ap vomi oubyen li pa kapab vale.

Menm jan ak lòt antibyotik, toujou bay yon moun pran medikaman an pou pi piti kantite jou yo. Si li toujou bay siy enfeksyon, bay remèd la jis 24 èdtan pou pi piti apre nou pa wè siy enfeksyon ankò. Si li fin bwè medikaman an pou pi gran kantite jou yo, epi li malad toujou, sispann bay antibyotik la, epi chache konkou doktè. Toujou bay moun ki gen VIH/SIDA medikaman an pou pi gran kantite jou yo.

Fòs dòz la chanje ak fòs maladi a, ak laj moun malad la, oubyen ak pwa kò li. Jeneralman, timoun ki chetif oubyen ki pa malad grav, ba yo dòz ki pi piti a. Bay timoun ki pi gwo oubyen ki malad grav dòz ki pi gran an.

AMOXICILLINE (AMOKSISILIN) (nan bouch)
Bay 45 - 50 mg pou chak kilogram pwa yon moun, nan yon jou, separe an 2 dòz. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Tibebe ki poko gen 3 mwa : bay 125 mg, 2 fwa nan yon, jou pandan 7 - 10 jou
Timoun 3 mwa - 3 ane : bay 250 mg, 2 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
Timoun 4 - 7 ane : bay 375 mg, 2 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
Timoun 8 - 12 ane : bay 500 mg, 2 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
Plis pase 12 ane : bay 500 - 875 mg, 2 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
Pou nemoni
Bay 80 mg pou chak kilogram pwa yon moun, nan yon jou, separe an 2 dòz, pandan 3 jou. Si gen anpil moun nan zòn nan ki soufri ak VIHJ/SIDA, bay dòz sa a pandan 5 jou. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Tibebe 2 - 12 mwa : bay 250 mg, 2 fwa nan yon, jou pandan 3 - 5 jou
Timoun 12 mwa - 3 ane : bay 500 mg, 2 fwa nan yon jou, pandan 3 - 5 jou.
Timoun 3 - 5 ane : bay 750 mg, 2 fwa nan yon jou, pandan 3 - 5 jou.
AMPICILLINE (ANPISILIN) (nan bouch)
Bay 50 - 100 mg pou chak kilogram pwa yon moun, nan yon jou, separe an 4 dòz. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Tibebe ki poko gen 1 ane : bay 100 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
Timoun 1 - 3 ane : bay 125 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
Timoun 4 - 7 ane : bay 250 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
Timoun 8 - 12 ane : bay 375 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
Plis pase 12 ane : bay 500 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.

AMPICILLINE (ANPISILIN) (nan piki)

Bay piki ampicilline sèlman lè yon moun malad grav, si l ap vomi, oubyen si li pa ka vale.
Bay piki 100 - 200 mg, pou chak kilogram pwa yon moun, nan yon jou, separe an 4 dòz. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Tibebe ki poko gen 1 ane : piki 100 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
Timoun 1 ane - 5 ane : piki 300 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
Timoun 6 ane - 12 ane : piki 625 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
Plis pase 12 ane : piki 875 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.

Pou trete menenjit pandan nou nan wout pou al lopital, bay youn nan konbinezon ki nan paj swivan an. Bay piki nan vyann (intramusculaire, IM) oubyen nan venn, men pa bay piki nan venn (intraveineuse, IV) esepte si ou byen fòme pou bay piki konsa. Sinon, bay piki nan vyann. Al gade nan Medikaman, Tès, ak Trètman (chapit la poko ekri) pou aprann ki jan pou nou bay piki.

AMPICILLINE e CÉFTRIAXONE

Pran yon flakon ki genyen ampicilline 500 mg an poud. Mete 2.1 ml dlo esterilize ladann (ki pou fè piki). Sa bay yon solisyon ki gen 500 mg nan 2.5 ml.

Pran yon flakon ki gen céftriaxone 1 gram (1000 mg) an poud. Mete 3.5 dlo esterilize ladann (ki pou fè piki). Sa bay yon solisyon ki gen 1 gram nan 4 ml.

EnpòtanNBgrnimportant.png
Pa bay tibebe céftriaxone ki poko gen 1 mwa.
AMPICILLINE Bay piki 50 mg pou chak kilogram pwa yon timoun, 4 fwa nan yon jou, pandan 5 jou pou pi piti.
EPI
CÉFTRIAXONE Bay piki 100 mg pou chak kilogram pwa yon timoun, yon fwa nan yon jou pandan, 5 jou pou pi piti.


Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :

Tibebe 1 – 12 mwa : piki ampicilline 2 ml, 4 fwa nan yon jou, EPI
céftriaxone 2 ml, 1 fwa nan yon jou, pandan 5 jou pou pi piti.
Timoun 1 – 3 ane : piki ampicilline 3 ml, 4 fwa nan yon jou, EPI
céftriaxone 4 ml, 1 fwa nan yon jou, pandan 5 jou pou pi piti.
Timoun 4 – 5 ane : piki ampicilline 5 ml, 4 fwa nan yon jou, EPI
céftriaxone 6 ml, 1 fwa nan yon jou, pandan 5 jou pou pi piti.

OUBYEN

AMPICILLINE e GENTAMICINE (jantamisin)

Pran yon flakon ki genyen ampicilline 500 mg an poud. Mete 2.1 ml dlo esterilize ladann. Sa bay yon solisyon ki gen 500 mg nan 2.5 ml.

Sèvi ak yon flakon 2 ml gentamicine ki gen 40 mg nan 1 ml. Pa ajoute dlo.
EnpòtanNBgrnimportant.png

Gentamicine se yon antibyotik ki fò anpil. Li soti nan fanmi aminoglycoside (aminoglikosid). Sèl fason pou bay li se nan piki nan vyann (intramusculaire, IM) oubyen nan venn (intraveineuse, IV). Medikaman sa a ka donmaje ren yo, epi rann yon moun soud. Poutèt sa a, sèvi avè l sèlman nan ka ijan lè nou nan wout pou al kay doktè. Veye pou nou bay dòz medikaman ki egzak la.

Si yon timoun manke dlo (bouch li tou sèch, oubyen li pa fè pipi), ba li sewòm oral. Trete manke dlo a anvan nou ba li gentamicine. Pou aprann ki jan pou nou prepare ak bay sewòm oral, al gade nan.

Tibebe ki poko gen 8 jou :
AMPICILLINE : Piki 50 mg pou chak kilogram pwa yon timoun, 2 fwa nan yon jou, pandan 5 jou pou pi piti.
EPI
GENTAMICINE : Piki 5 mg pou chak kilogram pwa yon timoun, 1 fwa nan yon jou, pandan 5 jou pou pi piti. Pa bay li pandan plis pase 10 jou.

Tibebe 8 jou – 1 mwa
AMPICILLINE : Piki 50 mg pou chak kilogram, 3 fwa nan yon jou, pandan 5 jou pou pi piti.
EPI
GENTAMICINE : Piki 7.5 mg pou chak kilogram, 1 fwa nan yon jou, pandan 5 jou pou pi piti. Pa bay li pandan plis pase 10 jou.
Timoun ak tibebe ki plis pase 1 mwa
AMPICILLINE : Piki 50 mg pou chak kilogram pwa yon timoun, 4 fwa nan yon jou, pandan 5 jou pou pi piti.
EPI

GENTAMICINE : Piki 7.5 mg pou chak kilogram pwa yon timoun, 1 fwa nan yon jou, pandan 5 jou pou pi piti. Pa bay li pandan plis pase 10 jou.


Li pi bon pou nou bay gentamicine dapre pwa yon timoun. Men si nou pa kapab peze li, bay li dapre laj li :
Tibebe 1 - 4 mwa : piki ampicilline 1.5 ml, 4 fwa nan yon jou, EPI
gentamicine 1 ml, yon fwa nan yon jou, pandan 5 jou pou pi piti.
Tibebe 4 - 12 mwa : piki ampicilline 2 ml, 4 fwa nan yon jou, EPI
jantamisin 1.5 ml, yon fwa nan yon jou, pandan 5 jou pou pi piti.
Timoun 1 - 3 ane : piki ampicilline 3 ml, 4 fwa nan yon jou, EPI
gentamicine 2 ml, yon fwa nan yon jou, pandan 5 jou pou pi piti.
Timoun 4 - 5 ane : piki ampicilline 5 ml, 4 fwa nan yon jou, EPI
gentamicine 3 ml yon fwa nan yon jou, pandan 5 jou pou pi piti.

Pa bay medikaman sa yo pou plis pase 10 jou.

Pénicilline nan bouch, pénicilline V, pénicilline VK (nan bouch)


(penisilin V, penisilin VK)

Nou ka bay penisilin nan bouch (olye bay piki) si enfeksyon an pa twò grav, tankou :

  • Malgòj ki vini sanzatann ak lafyèv cho (malgòj estreptokòk)
  • Enfeksyon zòrèy
  • Enfeksyon sinis
  • Lafyèv rimatis
  • Nemoni

Menm si nou kòmanse trete yon enfeksyon ki grav ak piki, yon fwa malad la tanmen refè, nou mèt bay li nan bouch. Si, apre de twa jou, nou poko wè li kòmanse geri, nou ka kalkile si li ta bon pou nou ba li yon lòt kalite antibyotik, epi fè l wè doktè.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Pou medikaman an ka travay pi byen nan kò a, toujou bwè li ajen, pou pi piti inèdtan anvan manje, oubyen dezèdtan apre nou fin manje.

Bay 25 -50 mg pou chak kilo pwa yon moun, separe nan 4 dòz, pandan 10 jou. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Tibebe ki poko gen 1 ane : bay 62,5 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 10 jou.
Timoun 1 - 5 ane : bay 125 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 10 jou.
Timoun 6 - 12 ane : bay 125 - 250 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 10 jou.
Plis pase 12 ane : bay 250 – 500 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 10 jou.
Pou enfeksyon ki grav, double dòz la.
Pou trete lafyèv rimatis
Timoun : bay 250 mg, 2 fwa nan yon jou pandan 10 jou.
Granmoun: bay 500 mg, 2 fwa nan yon jou pandan 10 jou.

Pénicilline pour injection, pénicilline G


(piki penisilin, penisilin G)

Se pou nou sèvi ak piki penisilin pou kèk enfeksyon ki grav, tankou :

  • Tetanòs
  • Nemoni ki grav
  • Blese ki gen fè enfeksyon
  • Lè yon zo pèse po a pou l parèt deyò
  • Sifilis

Genyen kèk kalite piki penisilin : genyen ki aji vit, gen lòt ki rete pi lontan ap travay nan kò moun, epi gen lòt ankò ki rete anpil tan ap travay nan kò moun.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrninject.png

PÉNICILLINE PROCAÏNE, BENZYLPÉNICILLINE PROCAÏNE
(penisilin pwokayin, benzilpenisilin pwokayin) (ki rete pi lontan ap travay nan kò moun)
Bay piki nan vyann sèlman (intramusculaire, IM) ; pa bay li nan venn) (intraveineuse, IV).

Bay 25,000 - 50,000 inite, pou chak kilogram pwa moun nan, nan yon jou. Pa bay plis pase 4,800,000 inite. Si pa gen balans, bay selòn laj li :
Timoun 2 mwa - 3 ane : piki 150,000 inite, yon fwa nan yon jou, pandan 10 - 15 jou.
Timoun 4 - 7 ane : piki 300,000 inite, yon fwa nan yon jou, pandan 10 - 15 jou.
Timoun 8 - 12 ane : piki 600,000 inite, yon fwa nan yon jou, pandan 10 - 15 jou.
Plis pase 12 ane : piki 600,000 - 4,800,000 inite, yon fwa nan yon jou, pandan 10 - 15 jou

Pa bay tibebe li si li poko gen 2 mwa, sòf si nou pa gen ni lòt penisilin ni anpisilin. Si se sèl medikaman nou gen sou lamen, bay 50,000 inite, yon fwa nan yon jou, pandan 10 - 15 jou.

Pou enfeksyon ki grav anpil, kay tibebe ak kay granmoun, double dòz la. Pa bay plis pase 4,800,000 inite nan yon jou.

BENZATHINE BENZYLPÉNICILLINE, BENZATHINE PÉNICILLINE
(benzatin benzilpenisilin) (yon penisilin ki rete anpil tan ap travay nan kò moun)
Bay piki nan vyann sèlman (intramusculaire, IM) ; pa bay li nan venn (intraveineuse, IV).

Timoun ki poko peze 30 kilogram, oubyen ki gen laj 1 - 7 ane : bay piki 300,000 - 600,000 inite, yon fwa chak 8 jou. Si enfeksyon an pa twò grav, yon sèl piki ka sifi.
Granmoun ak timoun ki peze plis pase 30 kilogram, oubyen ki plis pase 8 ane : bay piki 1.2 milyon inite. Si enfeksyon an pa twò grav, yon sèl piki ka sifi.

Pou malgòj estreptokòk (yon mikwòb) k ap bay, bay yon sèl piki, jan yo ekri anwo a.
Pou moun ki te malad ak lafyèv rimatis, bay dòz ki ekri anwo a, yon sèl fwa chak 4 senmenn. Kontinye trètman sa a pandan 5 - 10 ane, pou lafyèv rimatis ak pwoblèm kè pa p tounen sou yo ankò.
Sifilis kay tibebe ki fèk fèt, bay yon sèl dòz, 50,000 inite pou chak kilogram pwa li.

Lòt antibyotik

Érythromycine


(eritwomisin)
Nou ka sèvi ak érythromycine' nan plas penisilin pou trete anpil enfeksyon, epi moun ki fè alèji ak penisilin mèt sèvi avè l. An plis, li ka sèvi pou ranplase tétracycline pou trete plizyè kalite enfeksyon, epi pou trete difteri ak koklich tou.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Érythromycine ka fasil bay anvi vomi ak vomisman, sitou timoun. Pa bay li pou plis pase 15 jou, paske li ka bay lajonis.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Bay 30 - 50 mg pou chak kilogram pwa yon moun, nan yon jou, separe an 2 - 4 dòz. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Tibebe ki fèk fèt – 1 mwa : bay 62 mg, 3 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
Timoun 1 mwa - 1 ane : bay 125 mg, 3 – 4 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
Timoun 2 - 8 ane : bay 250 mg, 3 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
Plis pase 8 ane : bay 250 - 500 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.

Pou enfeksyon ki grav, double dòz la.

Cotrimoxazole, sulfaméthoxazole avec triméthoprime, TMP-SMX


(kotrimoksazòl, silfametoksazòl ak trimetoprim)
Cotrimoxazole se yon konbinezon 2 medikaman, li bon mache, epi li ka kraze anpil kalite mikwòb. Li bon anpil pou moun ki gen VIH/SIDA, paske li kapab anpeche anpil enfeksyon kay moun sa yo. Al gade nan VIH/SIDA (chapit la poko ekri).

EnpòtanNBgrnimportant.png

Pa bay tibebe li ki poko rive nan laj 6 senmenn. Fanm ki gwo vant pa gen dwa pran li pandan dènye 3 mwa gwosès yo. Genyen anpil chans pou yon moun fè alèji ak medikaman an. Lè konsa, li bay lafyèv, souf wo, ak gratèl. Si nou wè li gen gratèl, oubyen si nou kwè l ap fè alèji ak remèd sa a, sispann ba li medikaman an.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Genyen de kalite konbinezon yo fè avèk sulfaméthoxazole e triméthoprime. Youn gen sulfaméthoxazole 200 mg ak triméthoprime 40 mg. Yo ekri li konsa 200/40. Genyen lòt, tankou 400/80 oubyen 800/160. Gen de fwa yo ekri dòz triméthoprime sèl (dezyèm nimewo a).

Pou pifò enfeksyon
Tibebe 6 senmenn – 5 mwa : bay sulfaméthoxazole 100 mg + triméthoprime 20 mg 2 fwa nan yon jou, pandan 5 jou.
Timoun 6 mwa - 5 ane : bay sulfaméthoxazole 200 mg + triméthoprime 40 mg 2 fwa nan yon jou, pandan 5 jou.
Timoun 6 - 12 ane : bay sulfaméthoxazole 400 mg + triméthoprime 80 mg 2 fwa nan yon jou, pandan 5 jou.
Plis pase 12 ane : bay sulfaméthoxazole 800 mg + triméthoprime 160 mg 2 fwa nan yon jou, pandan 5 jou.