Hesperian Health Guides

Anèks A : Grafik sou ki jan timoun devlope

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Ki jan pou nou sèvi ak grafik sa yo

Timoun ap grandi nan plizyè domèn : fizik (kò), lespri (sèvo), kominikasyon (fè jès ak pale), abilte sosyal (rapò ak lòt moun). Gen de bagay yon timoun aprann, ki fè pati toulekat domèn yo. Pa egzanp, yon timoun ki lonje bra li ba ou, kap mande ou pran li nan bra ou. Lè sa a, lap sèvi ak :

  • Fizik – li leve bra li.
  • Lespri – li rekonèt ou.
  • Kominikasyon – li fè ou konprann sa li vle.
  • Abilte sosyal – li kontan lè ou karese l.


Pi ba, genyen grafik ki montre kèk bagay timoun konn aprann fè, epi nan anviwon ki laj pifò timoun aprann fè yo. Sèvi ak grafik yo pou konnen ki jan timoun devlope. Sa ka ede nou rekonèt ki sa timoun nan gen pou li aprann.

"A baby lying on its side"
6
mwa
"A baby crawling"
12
mwa
Yon timoun kap mache debou"
2
an
Grafik yo montre ki jan timoun devlope. Lè yap grandi, kò yo ap devlope, epi yap toujou aprann plis bagay.

Ki jan pou nou konnen ki sa timoun nan gen pou l aprann

Chache jwenn grafik ki kòresponn ak laj ki pi pre laj timoun nan. Sou grafik la, fè wonn sou tout bagay timoun nan kapab fè. Li posib nou va konstate gen de bagay lòt timoun menm laj la kapab fè, men pitit pa ou pa ka fè yo. Konsa sa va ede ou konnen ki aktivite ki ta pi bon pou ou fè ak timoun nan.

DevChart background with circles.png
2
an
Kominikasyon
Lespri
Abilte sosyal
Fizik
fè fraz ak de twa mo
jwe balon
"Yon papa kap pale ak pitit li"
papa
papa
"Yon timoun kap kenbe yon balon"
"Yon timoun kap pwente dwèt li sou yon gode"
Sèvi ak mo ki senp
Imite mo osinon jès ki senp
gode
"Yon timoun kap mete tout balon ansanm"
Mete ansanm bagay ki sanble youn ak lòt
"Yon timoun kap bat tanbou ak yon baton"
Sèvi ak bagay ki sanble youn ak lòt
"Yon timoun kap jwe ak yon pil bagay"
Chita pi lontan pou fè aktivite li
"De timoun, ki kot a kot, kap jwe ak gode e ti wòch"
Jwe a kote lòt timoun
"Papa ak ti gason li kap lave men yo ansanm"
Fè menm bagay ak moun nan kap pran swen li
"Yon papa kap mete li ajenou pou pitit li ka pale avè l"
Mande moun ede li lè li bezwen sa
"Yon timoun kap anpile blòk youn sou lòt"
Anpile bagay youn sou lòt
"Yon timoun kap mache debou"
Mache
"Yon timoun ki chita akoupi"
Chita akoupi

Nan grafik anwo a, manman an te fè wonn sou tout aktivite piti fi li, gen gen laj 20 mwa, kapab fè. Manman an dwe ede l fè pa annavan nan afè pale ak fè jès, epi abilte fizik.



Grafik sa yo montre nou ki jan timoun ap devlope. Chak grafik separe an 4 domèn. Desen ak mo ki ekri ban nou egzanp sou sa anpil bebe ka fè lè yo gen 3 mwa.

DevChart background.png
3
mwa
Kominikasyon
Lespri
Abilte sosyal
Fizik


"Yon papa kap karese tibebe li pandan lap pale avè l"
Li reyaji lè l tande vwa osinon wè figi moun pa l
"Yon gason kap jwe yon flit pou tibebe a tande li."
Li reyaji lè li tande yon bri fò osinon remake yon mouvman sibit
Yon gason kap pran yon tibebe nan bra li"
Li rekonèt moun kap okipe l
"Yon tibebe kap kriye nan bra manman li"
Li kriye lè li grangou osinon lè li pa alèz
"Yon papa kap karese ti pitit li, kap pase men sou li"
Moun ka konsole l lè yo karese l oubyen lè yo pale avèk l
"Yon tibebe kap souri bay manman li"
Li souri lè moun jwe avè l
"Yon tibebe, ki kouche sou kote li, kap jwe ak men li
Li remake men li yo
"Yon manman kap bay tibebe li tete"
Li pran tete
"Yon tibebe ki kouche sou vant li e ap eseye leve tèt li"
Li leve tèt li lè l kouche sou vant li
Si yon bebe pa ka fè de bagay nan chak domèn, li bezwen èd pou li devlope sa ki manke. Men se egzanp sèlman desen sa yo bay. Pa egzanp, lè nou gade domèn kominikasyon an, sa pa vle di fòk nou jwe yon enstriman mizik pou verifye ki jan li reyaji. Kesyon nou dwe poze se, ‘Eske bebe a reyaji lè li tande yon bri fò ?’ Pa bliye: Yon tibebe va aprann pi vit lè li nan lantouraj lòt timoun yo nan katye a, e li va fè sa yo konn fè devan li.



Grafik sa yo montre nou ki jan timoun ap devlope. Chak grafik separe an 4 domèn. Desen ak mo ki ekri yo ban nou egzanp sou sa anpil bebe ka fè lè yo gen 6 mwa.

DevChart background.png
6
mwa
Kominikasyon
Lespri
Abilte sosyal
Fizik
"Yon bebe, ki kouche sou vant manman li, kap fè ti son"
Li fè ti son ak jès senp
aaah
"Yon papa, ki kouche a kote bebe li, ap souke yon ti jwèt"
Li vire tèt li pou l tande yon son osinon pou l ka wè ki sa kap bouje
"Yon bebe, ki chita sou jenou manman li, kap souse yon jwèt"
Li pran bagay nan men li met nan bouch li
"Yon manman ak ti pitit li, toulede kap frape tab la ak jwèt yo"
Li ka fè divès bagay ak jwèt li yo
"Yon bebe kap pran yon jwèt nan men yon timoun ki pi gran"
Li enterese pou gade sa ki ozalantou li
"Yon bebe kap vire do li bay fanm lan"
Li pè moun etranje
"Yon bebe kap lonje bra li bay yon fanm"
Li aji yon fason pou l fè moun remake l
"Yon bebe kap lonje bra li bay yon gason ak yon fi."
Li rekonèt kèk moun
"Yon bebe kap vire"
Li vire sou do li lè li kouche sou vant li; li vire ankò sou vant li lè l kouche sou do li
"Yon bebe ki rete chita lè manman li ap soutni li"
Li rete chita lè yon moun ap soutni l
"Yon bebe kap souri epi kap souke yon jwèt"
Li fè ti mouvman; li voye bra li ak pye li yo
Si yon bebe pa ka fè de bagay nan chak domèn, li bezwen èd pou li devlope sa ki manke. Men se egzanp sèlman desen sa yo bay. Pa egzanp, lè nou gade domèn fizik la, sa pa vle di li oblije gen yon jwèt konsa, Kesyon nou dwe poze se, ‘Eske bebe a fè ti mouvman epi voye pye li ?’ Pa bliye: Yon bebe va aprann pi vit lè li nan lantouraj lòt timoun yo nan katye a, e li va fè sa yo konn fè devan li.



Grafik sa yo montre nou ki jan timoun ap devlope. Chak grafik separe an 4 domèn. Desen ak mo ki ekri yo ban nou egzanp sou sa anpil bebe ka fè lè yo gen 12 mwa.


DevChart background.png
12
mwa
Kominikasyon
Lespri
Abilte sosyal
Fizik


Li konprann mo ak jès senp
Ban mwen sa.
"A baby banging a spoon on a cup"
"Yon manman kap lonje men li pou pitit li kap ba li yon bagay"
"Yon bebe kap souke yon jwèt epi kap babye"
Li mete kèk son ansanm
Li kòmanse bay bagay nom
ba-ba
ga-ga
wa wa
"Yon bebe kap kite yon gode tonbe"
Li konprann yon bagay toujou la, menm si li pa ka wè li
"Yon bebe kap wete bagay ki nan yon bwat"
Li fè jefò pou l rezoud pwoblèm senp
"Yon bebe kap sèvi ak yon fil pou rale yon jwèt"
Li kòmanse konprann si li fè tèl bagay, sa va bay tèl rezilta
"Yon bebe kap lonje bra li"
Li sèvi ak jès
"Yon bebe kap kriye"
Li pran kriye lè moun kap pran swen li pati
"Yon gason kap jwe koukou ak yon bebe"
Li renmen jwe ak moun, tankou jwe koukou
"Yon bebe ki chita"
Li rete chita pou kont li
"Yon bebe kap rale"
Li rale
"Yon bebe kap sèvi ak yon ti chèz pou li leve kanpe"
Li leve kanpe
Si yon bebe pa ka fè de bagay nan chak domèn, li bezwen èd pou li devlope sa ki manke. Men se egzanp sèlman desen sa yo bay. Pa egzanp, lè nou gade domèn abilte sosyal la, sa pa vle di fòk nou jwe koukou avè l. Kesyon nou dwe poze se, ‘Eske li renmen jwe ak moun ?’ Pa bliye: Yon bebe va aprann pi vit lè li nan lantouraj lòt timoun yo nan katye a, e li va fè sa yo konn fè devan li.



Grafik sa yo montre nou ki jan timoun ap devlope. Chak grafik separe an 4 domèn. Desen ak mo ki ekri yo ban nou egzanp sou sa anpil bebe ka fè lè yo gen 2 an.

DevChart background.png
2
an
Kominikasyon
Lespri
Abilte sosyal
Fizik
fè fraz ak de twa mo
jwe balon
"Yon papa kap pale ak pitit li"
papa
papa
"Yon timoun kap kenbe yon balon"
"Yon timoun kap pwente dwèt li sou yon gode"
Sèvi ak mo ki senp
Imite mo osinon jès ki senp
gode
"Yon timoun kap mete tout balon ansanm"
Mete ansanm bagay ki sanble youn ak lòt
"Yon timoun kap bat tanbou ak yon baton"
Sèvi ak bagay ki sanble youn ak lòt
"Yon timoun kap jwe ak yon pil bagay"
Chita pi lontan pou fè aktivite li
"De timoun, ki kot a kot, kap jwe ak gode e ti wòch"
Jwe a kote lòt timoun
"Papa ak ti gason li kap lave men yo ansanm"
Fè menm bagay ak moun nan kap pran swen li
"Yon papa kap mete li ajenou pou pitit li ka pale avè l"
Mande moun ede li lè li bezwen sa
"Yon timoun kap anpile blòk youn sou lòt"
Anpile bagay youn sou lòt
"Yon timoun kap mache debou"
Mache
"Yon timoun ki chita akoupi"
Chita akoupi
Si yon timoun pa ka fè de bagay nan chak domèn, li bezwen èd pou li devlope sa ki manke. Men se egzanp sèlman desen sa yo bay. Pa egzanp, lè nou gade domèn lespri a, sa pa vle di fòk timoun nan konn bat tanbou. Kesyon nou dwe poze se, ‘Eske li ka sèvi ak de bagay ki sanble youn ak lòt ?’ Pa bliye: Yon timoun va aprann pi vit lè li nan lantouraj lòt timoun yo nan katye a, e li va fè sa yo konn fè devan li.



Grafik sa yo montre nou ki jan timoun ap devlope. Chak grafik separe an 4 domèn. Desen ak mo ki ekri yo ban nou egzanp sou sa anpil bebe ka fè lè yo gen 3 an.

DevChart background.png
3
an
Kominikasyon
Lespri
Abilte sosyal
Fizik
"Yon fanm kap pale ak yon timoun ki pwente dwèt li sou bouch li"
Kote bouch ou ?
"Yon timoun kap pale"
Pale klè
M vle ale ak papa mwen
Konprann prèske tout pawòl ki senp


"Yon timoun kap mete yon bout katon kare nan yon twou kare"
Mete bagay nan twou osinon espas ki ale ak bagay la.
"Yon timoun kap triye ti bagay selon koulè yo."
Li ka triye bagay
"Yon timoun kap ouvri yon bwat"
Li kapab defèt aparèy senp epi mete yo ansanm ankò
"Yon tifi kap bale ak gran sè li"
Lè li fè yon ti tach, li kontan wè sa fè lòt moun plezi
Mesi pou sa ou fè pou mwen.
"Yon manman kap lave rad ak ti pitit li."
Li renmen ede moun lakay
"Yon timoun kap siye dlo nan je manman li"
Li pran konsyans santiman lòt moun
"Yon timoun kap kouri"
Li konn kouri, sote, monte
"Yon timoun kap ouvri yon bokal"
Li sèvi ak men li pou l fè bagay ki pi konplike
"Yon timoun kap voye yon balon"
Li konn voye balon
Si yon timoun pa ka fè de bagay nan chak domèn, li bezwen èd pou li devlope sa ki manke. Men se egzanp sèlman desen sa yo bay. Pa egzanp, lè nou gade domèn abilte sosyal la, sa pa vle di fòk timoun nan konn bale. Kesyon nou dwe poze se, ‘Eske li renmen travay ansanm ak fanmi li ?’ Pa bliye: Yon timoun va aprann pi vit lè li nan lantouraj lòt timoun yo nan katye a, e li va fè sa yo konn fè devan li.



Grafik sa yo montre nou ki jan timoun ap devlope. Chak grafik separe an 4 domèn. Desen ak mo ki ekri yo ban nou egzanp sou sa anpil timoun ka fè lè yo gen 5 an.

DevChart background.png
5
an
Kominikasyon
Lespri
Abilte sosyal
Fizik
"Yon timoun ki tou mouye"
Se tonbe m tonbe nan dlo.
"Yon timoun, kap mache ak papa li, kap poze li kesyon"
Li poze anpil kesyon
Kilès ki la ? Sa yap fè la ?
Li pale sou tout sa l te fè


"Yon timoun kap bay ti kout men nan jaden an"
Li ka swiv ansèyman senp
"Yon timoun kap fè yon kastèt chinwa."
Li ka fè kastèt chinwa senp
"Yon timoun kap sèvi avèk yon boulye (yon ti aparèy ki pou ede moun kontwole)"
Li konn kontwole
"Twa timoun kap woule yon kawotchou ansanm"
Li konprann regleman
"De timoun ki lekòl kap koute sa pwofesè a ap di"
Li jwe ak lòt timoun
"Yon timoun kap pale"
Mwen tris.
Padon.
Li konn eksprime anpil santiman
"Yon timoun kap desine de kare nan sab la"
Li fè kopi yon desen senp
"Yon timoun kap fè pa annaryè"
Li ka fasil fè pa annaryè
"Yon timoun kap sote sou yon sèl pye"
Li ka sote sou yon sèl pye
Si yon timoun pa ka fè de bagay nan chak domèn, li bezwen èd pou li devlope sa ki manke. Men se egzanp sèlman desen sa yo bay. Pa egzanp, lè nou gade domèn abilte sosyal la, sa pa vle di fòk timoun nan gen yon pwofesè pou l koute. Kesyon nou dwe poze se, ‘Eske li konprann epi li kapab swiv ansèyman menm jan ak lòt timoun ?’ Pa bliye: Yon timoun va aprann pi vit lè li nan lantouraj lòt timoun yo nan katye a, e li va fè sa yo fè devan li.