Hesperian Health Guides

Alèji : Ti reyaksyon alèji ak gwo reyaksyon alèji (chòk anafilaktik)

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Nan bagay ki ka bay alèji ki pa twò grav genyen pousyè, poud jòn flè, piki ti bèt ak zèl, oubyen kèk kalite manje, pwodwi chimik, ak medikaman. Jeneralman, nou ka trete alèji sa yo ak antihistaminiques (anti-istaminik).

SIY KI FÈ NOU REKONÈT YON ALÈJI KI PA TWÒ GRAV
Yon moun ki gen yon reyaksyon alèji ki pa twò grav
Je li yo ap grate, yo wouj, yo anfle.
Li gen gratèl, po li wouj.
L ap etènye.
Si yon ti bèt pike yon moun, kote li pike a ka anfle. Gen kèk piki ki anfle, sou janm li

Genyen alèji ki pi grav anpil, ki kapab etenn souf yon moun nan yon ti moman.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT YON ALÈJI KI GRAV ANPIL (CHÒK ALÈJI, CHÒK ANAFILAKTIK)
  • Li gen po wouj, gratèl, demanjezon
  • Lèv, bouch, ak gòj li yo anfle, li mal pou vale
  • Li gen pwoblèm pou l pran souf
  • Men ak pye li yo anfle.
  • Li gen kè plen oubyen vant fè mal.


Siy nou wè pi fasil se gratèl ak pwoblèm pou li pran souf.

Si moun nan pa ka vale, oubyen si li gen pwoblèm pou li pran souf, bay li adrénaline touswit. Si nou wè li nesesè, bay yon lòt dòz nan 5 - 15 minit.

Tout flakon adrénaline (épinéphrine) pa gen menm konsantrasyon, sa vle di, yo pa genyen menm valè medikaman nan yon mililit. Gade pou wè konbyen miligram adrénaline yo mete nan yon mililit likid. Verifye ki dòz pou nou bay ; apre sa, kalkile konbyen mililit likid ap fè dòz sa a. Ekri dòz la byen klè, epi mete l nan bwat famasi a. Pa rete tann yon ka ijan rive pou kalkile dòz la. Oubyen, nou ka achte sereng ki deja pare, ki gen adrénaline ladan yo. Yon non mak se EpiPen (epipèn).

Bay piki adrénaline nan kwis, bò isit.
Bay piki epinefrin nan kwis, bò isit :
Yon flèch ki montre deyò kwis yon fanm ki gen pye li leve wo sou kèk zòrye.


Si li gen pwoblèm pou pran souf, nou ka ba li salbutamol. Li bon tou pou nou bay yon antihistaminique (anti-istaminik).

Jeneralman, si nou fè alèji ak yon medikaman, yon manje, yon piki myèl, oubyen ak nenpòt lòt bagay, nou dwe evite l pou tout rès lavi nou. Dezyèm fwa a, nou mèt konnen reyaksyon an ap pi fò.