Hesperian Health Guides

Lè manman an ap travay deyò

Nan chapit sa:

a woman speaking to a man while she sits with a baby on her back at a sewing machine.
Pa enkyete w! M ap toujou koud menm kantite a.

Lè manman an travay deyò, li ka difisil pou se tete sèlman li bay bebe l la pandan 6 premye mwa yo. Si sa posib, manman an ka al nan travay la ansanm ak bebe l la, oswa lè bebe a dwe manje, yon moun ka pote l ba li.

Gen kote moun ap eseye pase lwa ki bay medam yo dwa pou yo pran poz nan travay yo pou yo ka bay pitit yo tete oswa pou yo tire lèt la mèt nan boutèy.

Tire lèt tete a mèt nan boutèy

Yon lòt fason pou bebe a kontinye bwè lèt tete menm lè manman l pa la se pou manman an tire lét la mèt la a. Apre sa, yon lòt moun ka bay bebe a lèt la. Lòt rezon ki ka fè l vle tire lèt la alamen se paske tete l yo twò plen, oswa si gen yon rezon ki lakòz li pa ka bay tete, men li vle pou kò l kontinye pwodui lèt.

a woman using a jar on a table to catch milk from her breast.
Ou ka tire lèt 2 oswa 3 fwa chak jou.
Apre sa ou ka voye lèt la bay yon moun ki ka bay bebe a manje, oswa w ka mete l la.
a woman handing a jar of milk to a boy at the door of her workplace

Yon fi gendwa jwenn yon pomp espesyal ki fèt pou tire lèt nan tete. Gen klinik oswa sant medikal ki vann oswa ki lwe ponp elektrik konsa. Yo gendwa vann ponp alamen ki senp e ki pa chè. Gen fi ki ka tire lèt la byen fasil ak men yo. Pa enkyete w ! M ap toujou koud menm kantite a.

Ki jan pou tire lèt alamen

  1. Lave yon bokal ak tout kouvèti a avèk savon ak dlo pwòp, epi kite l sèch nan solèy.
    Si l posib, rense anndan bokal la avèk enpe dlo bouyi jis anvan w sèvi avè l. Sa ap touye mikwòb ki nan bokal la epi l ap kenbe lèt la nan bon kondisyon.
  2. Lave men w byen.
  3. MW Ch16 Page 285-1.png
    a hand holding a woman's breast and pressing toward the chest.
  4. Mete dwèt ou ak gwo pous la arebò pati nwa pwent tete a (areyòl la), epi peze l nan direksyon lestomak la.
  5. Peze dwèt yo ansanm jantiman epi woule yo ale devan nan dirèksyon pwent tete a. Pa pichkannen ni pa rale pwent tete a. Sa pa dwe fè mal.
  6. 2 fingers and a thumb holding a nipple as milk flows into a jar.
  7. Deplase dwèt yo toutotou areyòl la pou lèt la ka soti nan tout tete a. Fè sa nan chak tete jiskaske yo vid.
    Nan kòmansman, pap gen anpil lèt ki soti, men, avèk plis eksperyans, w ap jwenn plis. Jeneralman, manman an ka jwenn plis lèt si l yon kote ki pa gen bri, ki poze, e li santi l rilaks. Si l ap panse ak bebe l la pandan l ap fè sa, lèt la ka koule pi byen toujou.

Konsève lèt la

Lèt tete dwe konsève nan yon resipyan pwòp, ki chode ak dlo bouyi. Kite lèt la tou kouvri yon kote ki fre, san l pa nan solèy.

MW Ch16 Page 285-4.png

Lèt manman ka rete anviwon 8 èdtan san l pa gate, depi kote a pa twò cho. Li ka rete plis toujou si l yon kote ki frèt. Eseye vlope bokal la avèk twal ki mouye. Lè lèt la nan frijidè, li ka konsève pandan 2 a 3 jou. Li ka rete nan frizè ki byen glase jiska 2 semèn; men, depi li fonn, yo pa dwe remete l nan frizè a ankò.

Pou chofe lèt ki te konsève, mete bokal lèt la chita nan yon bòl dlo tyèd. Pa mete lèt tete nan mikwoond.

Bay bebe lèt tete ou te tire

MW Ch16 Page 286-1.png

Lè w ap bay yon bebe lèt ou te tire oswa nenpòt lòt kalite lèt, itilize yon goblè oswa yon kiyè ki trè pwòp. Menm bebe ki fèk fèt ka bwè nan goblè. Pa vide lèt la nan bouch bebe a pou l pa trangle. Yon bebe ki pi gran ka bwè nan yon goblè oswa nan yon bibwon ki gen tetin kawoutchou.

Kèlkeswa veso ou bay yon bebe bwè ladan l, li dwe trè pwòp. Bibwon ak tetin ki sal sitou ka gen mikwòb ki ka lakòz bebe a trape gwo enfeksyon. Bouyi goblè a, bibwon an, ak tetin nan anvan w sèvi avè yo. Si sa pa posib, lave yo ak savon ak dlo pwòp epi kite yo seche nan solèy.

Kesyon pataje lèt tete

Bay bebe ki pou yon lot fi tete se yon abitid ki popilè. Anpil manman fe sa pou zanmi oswa fanmi lè manman an oblije pati kite pitit la nan lè manje a. Pataje let tete gratis, li fasil, e li ka fe relasyon ant 2 fanmi yo vin pi sere. Men, si yon fi gen VIH, li posib pou l enfekte timoun nan nan lèt tete a. Sa ka fet menmsi manman an santi li an sante oswa li pa konnen si l gen VIH. Li pi bon lè yon fi fe tès VIH anvan l pataje lèt tete l la.


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024