Hesperian Health Guides

Egzamine bebe a

Nan chapit sa:

Mezire matris manman an



  • Gwosè matris la korèk parapò ak kantite tan manman an ansent lan.
  • Matris la grandi nan yon mezi ki egal ak lajè 2 dwèt chak mwa.



  • Sou premye egzamen an, gwosè matris la pa korèk parapò ak kantite tan manman an ansent lan.
  • Matris la grandi plis oswa mwens pase yon mezi ki egal ak lajè 2 dwèt chak mwa.


Lè w mezire matris la, se pou w chèche ki kote tèt matris la ye a. Sa ap fè w wè 3 bagay:

  1. Depi konbyen mwa fi a ansent.
  2. Dat li sipoze akouche a. Si w te anmezi pou w kalkile dat akouchman an apati dat dènye règ manman an, lè w mezire matris la, sa ka ede w wè si dat akouchman an kòrèk. Si w pa t kapab kalkile dat akouchman an apati dat dènye règ li a, lè w mezire matris la, sa ka ede w kalkile dat akouchman an apeprè. Ou dwe fè sa depi sou premye visit la.
  3. Kòman bebe a ap grandi. Nan chak visit, mezire matris la pou w wè si bebe a ap grandi jan l dwe grandi a. Si l grandi twò vit oswa twò lan, ka gen yon problem.
MW Ch8 Page 130-1.png

Mezire matris la

Pandan bebe a ap grandi anndan matris la, w ap santi matris la ap gwosi anndan manman an. Pati anlè matris la monte prèske lajè 2 dwèt pi wo chak mwa. Sou 3 mwa, pati anlè matris la rive sou tèt zo basen manman an (kote cheve ki sou basen l kòmanse a). Sou 5 mwa, pati anlè matris la konn rive kote lonbrik manman an ye a. Sou 8.5 a 9 mwa pati anlè matris la prèt pou l rive nan zo kot manman an. Bebe a ka desann pi ba kèk semèn anvan akouchman an.

Pou w ka mezire matris la, fè manman an kouche sou do avèk yon sipò ni anba tèt li ni anba jenou l. Ou dwe manyen l avèk yon men ki fèm, men byen janti.

Chèche pati anlè matris la.

MW Ch8 Page 131-1.png
matris
MW Ch8 Page 131-2.png
MW Ch8 Page 131-3.png
Mache dwèt ou yo monte soti sou kote vant lan Chèche pati anlè matris la (se tankou yon boul anba po a) Ou ka wè pati anlè matris la kote ki fè fon, ki antre pa anndan manman an.
Ki j an pou w mez ire matris la av èk d wèt ou yo
marks every 2 finger-widths going down a woman's abdomen; the bellybutton is at about 5 months.
8½-9 mwa
9 MWA!
7½-8 mwa
6½-7 mwa
5½-6 mwa
4½-5 mwa
3½-4 mwa
2½-3 mwa
  1. Si pati anlè matris la anba lonbrik la, mezire distans lan: konbyen dwèt li ye (lajè dwèt) pi ba lonbrik la. Si pati anlè matris la anwo lonbrik la, mezire distans lan: konbyen dwèt li ye (lajè dwèt) pi wo lonbrik la. Ansuit, avèk kantite dwèt ki sou desen sa a (chak liy gen lajè 2 dwèt) fè yon konparezon pou wè konbyen mwa fi a genyen depi l ansent.

  2. Ekri sa w jwenn nan, swa avèk yon desen, swa avèk chif
    Pou fè yon desen: Fè yon sèk pou reprezante vant manman an, fè yon pwen pou lonbrik li, epi fè yon koub pou pati anlè matris la. Apre sa, ekri kantite dwèt anlè oubyen anba lonbrik la matris la ye. Pa egzanp:
    Desen sa a montre pati anlè matris la distans 2 dwèt pi ba lonbrik la.
    MW Ch8 Page 131-5.png
    Lonbrik
    Pati anlè matris la
    Desen sa a montre pati anlè matris la distans 3 dwèt pi wo lonbrik la.
    MW Ch8 Page 131-6.png
    Fi sa a ansent depi anviwon 4.5 mwa. Fi sa a ansent depi anviwon 6.5 mwa.


    Pou itilize chif: Ekri kantite dwèt ou itilize pou mezire matris la. Mete yon siy plis (+) devan chif la si pati anlè matris la anwo lonbrik la. Mete yon siy mwens (-) devan chif la si pati anlè matris la anba lonbrik la. Pou egzanp ki pi wo a, premye a t ap - 2 . Dezyèm nan t ap + 3 .


  3. a health worker speaking to a woman while measuring her womb.
    Pati anlè matris la nan yon distans 4 dwèt anwo lonbrik la. Se la l dwe ye apre 7 mwa!
  4. Kalkile (oubyen verifye) dat li dwe akouche a. Pa egzanp, si lè w mezire matris la ou remake fi a ansent depi 7 mwa, ou mèt espere pitit la pral fèt nan 2 mwa. Si w te deja jwenn ki dat l ap akouche a dapre dat dènye règ li a, gade pou wè si 2 dat yo tonbe daplon. Si 2 dat yo pa tonbe daplon, gade Dat akouchman ou te kalkile apati dat dènye règ la pa t kòrèk.
Ki jan pou mezire matris la av èk yon santimèt

Ou ka itilize metòd sa a lè matris la monte nan wotè lonbrik manman an.

MW Ch8 Page 132-2.png
  1. Mete yon twal oubyen santimèt sou vant manman an. Kenbe pwent santimèt la (nimewo 0 a) sou tèt zo basen an. Fè santimèt la pase sou boul vant lan pou rive sou pati anlè matris la.
  2. MW Ch8 Page 132-3.png


  3. Ekri sou papye konbyen santimèt soti sou zo basen an pou rive nan pati anlè matris la.

  4. Gen anpil doktè, enfimyè ak fanmsaj ki pito konte gwosès la pa semèn olye pa mwa. Lè konsa yo kòmanse apati premye jou fi a te gen dènye règ li a, menmsi fi a te ansent 2 semèn apre sa. Lè w konte konsa, pifò nan medam yo akouche apre 40 semèn antou.

    Pandan 20 dènye semèn gwosès yo, mezi matris la an santimèt tonbe daplon ak kantite semèn li genyen depi l ansent lan. Sa vle di, si l gen 24 semèn depi l te gen règ li, matris la ap mezire 22 a 26 santimèt. Matris la ta dwe gwosi 1 santimèt anplis chak semèn, oswa 4 santimèt chak mwa.

Si matris la pa gwosè li dwe ye a

Si w pran mezi a kòrèteman, men pati anlè matris la pa kote w te panse li dwe ye a, gen 3 bagay ki ka fè sa:

  • Dat akouchman ou te kalkile apati dat dènye règ li a pa t korèk.
  • Matris la ap grandi twò vit.
  • Matris la ap grandi twò dousman.
Dat akouchman ou te kalkile apati dat dènye règ la pa t kòrèk

Gen plizyè bagay ki ka fè dat ou jwenn pou akouchman an apati dat dènye règ la pa korèk. Gendelè medam yo pa byen sonje ki dènye fwa règ yo te vini. Gendelè yon fi jis pa t remake règ li, epi li vin ansent apre sa. Piske fi a pa t ansent depi tout tan w te kwè a, se nòmal vant li pi piti. Oubyen tou, pafwa yon fi senyen yon ti kras apre li fin ansent. Li ka panse se règ li a, konsa li ka ansent 1 ou 2 mwa anvan sa w te panse a. Se nòmal pou matris la pi gwo pase sa w te atann nan.

Si dat ou te prevwa akouchman an pa mache ak gwosè matris la, note mezi yo sou papye. Tann 2 a 4 semèn epi mezire matris la ankò. Lè sa a, si matris la te gwosi anviwon 1 a 2 dwèt pa mwa, oswa 1 santimèt pa semèn, dat ou te kalkile grasa mezire w te mezire matris la, sanble l kòrèk. Sanble se dat ou te jwenn dapre règ li a ki pa t kòrèk.

Sonje sa: Dat yo prevwa pou akouchman pa toujou tonbe egzak. Anpil fwa, medam yo konn fè pitit yo 2 oswa 3 semèn anvan oubyen apre dat yo te prevwa a. Pa gen danje nan sa.
Matris la ap grandi twò vit

Si matris la ap grandi plis pase 2 dwèt pa mwa, oswa plis pase 1 santimèt pa semèn, gen plizyè bagay ki ka fè sa:


Twòp dlo nan matris la
Twòp dlo pa toujou yon pwoblèm, men sa ka fè matris la vin detire twòp. Lè sa a matris la ka mal pou l pouse pitit la mèt deyò lè akouchman an, oubyen li ka senyen twòp apre akouchman an. Gen kèk ka kote pitit la fèt tou domaje. Pou w ka wè si matris la gen twòp dlo, fè tès sa a:

MW Ch8 Page 133-1.png
Mande yon lòt moun ede w. Fè l mete pla men l sou mitan vant manman an.
Mete yon men w sou yon bò vant lan. Teke lòt bò vant lan avèk lòt men w.

Si gen twòp dlo nan matris la, w ap santi mouvman tankou yon vag dlo, soti nan yon bò pou ale nan lòt bò matris la (men lòt moun nan anpeche vag yo travèse po manman an). Si gen twòp dlo, chèche konsèy medikal. Li ta pi bon pou l akouche lopital.

Timè
Gendelè yon fi vin ansent, men se yon timè li genyen, se pa yon bebe.

a tumor growing inside a womb, with blood and tissue passing through the vagina.
Timè

Men ki lòt siy ki montre se yon timè: ou pa ka tande kè bebe a ap bat, ou pa ka santi okenn mouvan bebe anndan l, manman an gen noze toutan, epi manman an ap jete san ak chè nan vajen l (pafwa yo ka tankou grenn rezen).

Si w wè siy ki endike manman an gen timè, fè l wè yon doktè san pèdi tan. Timè a ka tounen kansè e li ka touye manman an, pafwa byen rapid. Yon doktè ka retire timè a epi sove lavi manman an.

Vant lan ap gwosi twò dousman
MW Ch8 Page 134-2.png

Men ki pwoblèm ki ka fè matris la gwosi twò dousman:

  • Manman an ka gen tansyon wo. Tansyon wo ka anpeche pitit la jwenn manje li bezwen pou l grandi byen. Si w pa ekipe pou w kontwole tansyon l, fè l al kay doktè.
  • Manman an gendwa pa manje byen. Chèche konnen ki kalite manje li jwenn pou l manje. Si l twò pòv pou l manje byen, gade pou wè kòman w ka ede li menm ak bebe a jwenn sa yo bezwen. Lè manman ak timoun an sante, tout kominote a pi janm.
  • Manman an gendwa manke dlo nan matris la. Pafwa se pa yon pwoblèm lè gen mwens dlo. Men, pafwa sa ka fè pitit la pa nòmal oubyen ka gen pwoblèm pandan akouchman an. Si w panse matris la manke dlo, fè l wè yon doktè.
  • Manman an gendwa ap bwè tafya, fimen, oswa l ap pran dwòg. Tout bagay sa yo ka fè bebe ki nan vant lan twò piti.
  • Timoun nan gendwa mouri. Piske timoun mouri pa grandi, vant lan pap gwosi. Si manman an gen omwen 5 mwa ansent, mande l si nan jou ki sot pase yo li te santi pitit la ap fè mouvman. Si pitit la gen 2 jou depi li pa souke kò l, ka gen yon pwoblèm.

Si manman an gen omwen 7 mwa ansent, oswa si w te tande batman kè pitit la nan vizit anvan yo, chèche tande batman kè a ankò. Si w pa tande l, fè manman an wè yon doktè. Gen lopital ak sant sante ki gen aparèy pou wè si pitit la toujou vivan.

MW Ch8 Page 135-1.png

Si pitit la mouri, li enpòtan pou manman an akouche anvan lontan. Li ka akouche lakay, men gen chans pou l senyen plis, epi li gen plis chans pou l fè enfeksyon. Si l pa kòmanse gen tranche nan 2 semèn, fè l al lopital kote yo ka ba l medikaman ki pou fè l gen tranche.

Note sa: Lè yon manman pèdi yon pitit, li bezwen lanmou, swen, ak konpasyon. Pa kite l akouche poukont li. Si l akouche lopital, yon moun dwe rete la a avè l pandan l ap akouche.

Chèche wè pozisyon bebe a



  • Gen yon sèl pitit nan matris la.
  • Tèt pitit la chavire anba nan lè akouchman an.


  • Pitit la nan pozisyon chita nan lè akouchman an.
  • Pitit la kouche sou kote nan lè akouchman an.
  • Manman an ap pote marasa.


Gen 2 metòd ki ka ede w wè pozisyon pitit la: manyen vant manman an, epi koute ki kote kè pitit la ap bat pi fò. Ou ka bezwen toude metòd sa yo pou ede w jwenn pozisyon pitit la.

Manyen vant manman an

Li ka difisil pou w jwenn pozisyon pitit la anvan 6yèm oubyen 7yèm mwa gwosès la. Antouka, eseye kanmenm. Sa w santi kounye a ka pa di w anyen pou lemoman, men li ka vle di anpil bagay pwochèn fwa w manyen vant lan. L ap pi fasil pou w jwenn pozisyon pitit la pandan 2 dènye mwa gwosès yo. Tank ou fè pratik se tank w ap vin pi maton nan chèche pozisyon bebe nan vant.

MW Ch8 Page 135-2.png

Pou kòmanse, mete manman an kouche sou do epi mete sipò anba jenou l ak tèt li. Asire w li alèz.

Apre sa, manyen vant manman an pandan w ap chèche 3 bagay:

  • Èske bebe a nan pozisyon vètikal (monte desann)?
  • Èske bebe a bay fas devan oswa dèyè?
  • Èske se tèt li ki anba oswa se dèyè l ki anba?
Èske bebe a nan pozisyon vètikal (monte desann)?
illustration of the below: feeling the sides of the mother's belly.
MW Ch8 Page 136-2.png
Vètikal: tèt li oubyen dèyè l anba a
MW Ch8 Page 136-3.png
MW Ch8 Page 136-4.png
Kouche: tèt li ak dèyè l yo sou kote

Pifò pitit rete nan pozisyon vètikal distans pou yo rive sou 7yèm mwa a.

Pou w ka konnen si bebe a nan pozisyon vètikal, mete pla men w sou chak bò vant manman an. Peze byen janti, men fèm, avèk yon men, apre sa avèk lòt men an.

Avèk anpil prekosyon, verifye fòm vant lan. Èske pwent bebe a sanble yo sou kote vant manman an? Si wi, sa vle di sanble bebe a kouche sou kote. Anpil bebe kouche sou kote pandan premye mwa yo, men apre sa yo chavire tèt anba sou 8yèm mwa a. Natirèlman, pitit ki rete kouche sou kote pa ka pase nan vajen manman an konsa lè y ap fèt. Lè yon bebe kouche sou kote epi li pa ka vire tèt anba lè manman l gen tranche, manman sa a ap oblije fè yon sezaryèn nan yon lopital. Si apre 8 mwa bebe a toujou kouche sou kote, fè manman an wè yon doktè.

Li ka difisil pou w jwenn pozisyon pitit la si mis vant manman an di anpil, oswa si vant li gen anpil grès. Si w mal pou w jwenn pozisyon an, mande manman an pou l pran yon souf byen fon, kite lè a soti tou dousman, epi pou l byen rilaks kò l pandan w ap manyen l.

Èske bebe a bay fas devan oswa dèyè?

Apre sa, chèche nan vant manman an yon kote ki laj epi ki di (do bebe a). Si w pa ka jwenn do a, chèche plizyè ti “boul”.

Si w santi yon fòm ki laj e ki di, li pwobab bebe a bay fas li pa dèyè. Si w santi plizyè ti pati olye de yon sèl pati ki di, li pwobab se pye l ak ponyèt li yo. Sanble li bay fas li sou devan.
MW Ch8 Page 136-5.png
MW Ch8 Page 136-6.png
Si bebe a bay fas li sou devan, gade Siy fanmsaj la dwe verifye pandan premye etap la.


MW Ch8 Page 137-1.png
MW Ch8 Page 137-2.png
Tèt anba Pozisyon chita
Èske se tèt bebe a ki anba oswa se dèyè l ki anba?

Nan dènye mwa anvan akouchman an, anpil bebe kouche avèk tèt yo toupre kòl matris la. Yo rele pozisyon sa a “tèt anba”. Pozisyon tèt anba a fè akouchman an pi fasil.

Si tèt yon bebe anlè, epi dèyè l toupre kòl matris la, sa vle di bebe a nan pozisyon chita.

Sou 7yèm oswa 8yèm mwa a, tèt bebe a sipoze chavire anba nan basen manman an. Men ki jan pou w chèche santi tèt bebe a:

a health worker speaking to a pregnant woman who is lying down.
Mwen ka santi anlè basen an isit la.
MW Ch8 Page 137-4.png
Zo basen an
  1. Chèche zo basen manman an avèk dwèt w. Ou ka santi l toupre anba po a, anba plim ki sou basen manman an.

    Mande manman an pou l pran yon souf byen fon epi pou l kite lè a soti dousman.
    MW Ch8 Page 137-5.png

    Pandan lè a ap soti, peze yon men w byen fon anlè zo basen an. Fè sa byen janti, e kite sa si manman an santi doulè.


    Si w santi yon ti bagay won byen di, epi si w ka deplase l yon tikras agoch adwat, sanble se tèt bebe a.


    Si sa w manyen an pa twò won, se petèt figi bebe a oubyen dèyè l.
    Pafwa dèyè l sou anwo, men tèt li pa dwat anba.
    MW Ch8 Page 137-6.png
    MW Ch8 Page 137-7.png
    MW Ch8 Page 137-8.png


    Tèt la ka koube sou kote, oswa manton l ka anlè. (Tout sa yo gendwa se siy ki endike bebe a pap ka pase nan basen manman an pandan akouchman an.)

  2. MW Ch8 Page 138-1.png
  3. Si pati anba bebe a pa twò fon nan basen manman an, eseye deplase l enpe agoch adwat.

  4. Si lè w deplase pati anba bebe a, e sa fè tout do l deplase tou, sa ka endike li ka nan pozisyon chita. Si do l pa deplase, sa ka endike li tèt anba.


  5. Kounye a, mete yon men anlè sou matris manman an. Èske w santi l tou won epi li di, tankou yon tèt? Oubyen, èske li gen yon lòt fòm, tankou dèyè bebe a, do l, oswa janm li yo? Si pati anlè matris la plis sanble ak yon tèt pase sa w te santi anba a, bebe a kapab nan pozisyon chita.
  6. Mete yon men sou do bebe a. Epi, avèk lòt men an, pouse anlè bebe a sou kote lejèman.


Si tout do l deplase lè w deplase pati anlè a, sanble li tèt anba
MW Ch8 Page 138-2.png
Si do bebe a rete kote li ye a lè w deplase pati anlè li a, li posib w ap deplase tèt la (piske kou a ka koube, do a rete an plas). Si se tèt la w ap deplase, sa vle di li nan pozisyon chita.
MW Ch8 Page 138-3.png


Gade plis enfòmasyon sou bebe ki nan pozisyon chita pandan gwosès la. Si bebe a pa chavire tèt anba nan moman akouchman an, gade Bebe a nan pozisyon chita.


Lè w verifye pozisyon bebe a, ou ka santi w ap manyen 2 tèt oubyen 2 dèyè. Ebyen, manman an gendwa ap pote marasa.

MW Ch8 Page 139-1.png MW Ch8 Page 139-2.png
Fètoskòp
2 zorèy
Fètoskòp 1 zorèy

Koute batman kè bebe a

Batman kè bebe a bay ransèyman sou pozisyon l anndan matris la epi sou sante bebe a tou. Koute batman kè bebe a apati 5 mwa gwosès.

MW Ch8 Page 139-3.png

Pandan 2 dènye mwa yo, ou sipoze ka tande batman kè bebe a lè w mete zòrèy ou bò kote vant manman an nan yon chanm ki pa gen bri. Li ka pi fasil pou w tande batman kè a lè w itilize yon fètoskòp oswa yon estetoskòp. Ou ka fè pwòp fètoskòp pa w avèk bwa, ajil, oswa banbou. Oswa ou ka achte youn.

MW Ch8 Page 139-4.png
MW Ch8 Page 139-5.png
MW Ch8 Page 139-6.png
Fètoskòp 2 zorèy Estetoskòp Fètoskòp 1 zorèy


Batman kè bebe a toupiti epi li rapid. Bri kè a ka sanble bri yon mont k ap fè tik-tak anba yon zòrye, men li pi vit pase mont la. Kè bebe a bat prèske 2 fwa pi vit pase batman kè yon adilt ki an sante. Nòmalman kè bebe a bat 120 a 160 fwa pa minit.

Note sa: Si w tande yon son k ap soufle (chiyou chiyou chiyou), kapab se son batman kè bebe a nan kòd lonbrik la. Son kòd la fè w konnen ak ki vitès kè bebe a ap bat, men li pa ede w jwenn pozisyon bebe a. Si kè a bat dousman, gendwa se batman kè manman an w ap tande, men se pa bebe a. Eseye koute yon lòt kote sou vant lan.


illustration of the front and back of a baby with arrows pointing to spots on a baby's chest and back at the level of the arms.
Se isit kè a sonnen pi fò.
Chèche batman kè bebe a

Imajine nan ki pozisyon bebe a ta sanble l kouche. Apre sa, eseye koute batman kè a kote w panse li dwe ye a. Ou ka bezwen koute plizyè lòt pozisyon jiskaske w jwenn plas kote l ap bat pi fò a, pi klè a.

Jwenn pozisyon bebe a pa mwayen batman kè l

Èske kè a bat pi fò anwo oswa anba lonbrik manman an?

Si w tande kè a ap bat pi fò anba lonbrik manman an, sa vle di bebe a ka tèt anba. Si w tande kè a ap bat pi fò anwo lonbrik manman an, sa ka vle di bebe a nan pozisyon chita.
a baby in the womb, with arrows pointing to the mother's bellybutton and to a spot on the baby's back.
Lonbrik manman an
Batman kè bebe a pi fò isit
Tèt anba
MW Ch8 Page 140-2.png
Batman kè bebe a pi fò isit
Lonbrik manman an
Pozisyon chita



MW Ch8 Page 140-3.png

Pafwa, lè bebe a bay fas li sou devan, li pi difisil pou w santi batman kè a paske ponyèt bebe a ak janm li bare l. Mete aparèy la sou kote vant manman an oswa direkteman nan mitan vant li a pou w ka tande batman kè a.

Si l posib, note nan dosye kote w te tande batman kè bebe a avèk yon ti desen.

a circle with a dot in the middle and an ‘x’ below it and to one side.
Lonbrik manman an
Batman kè bebe a

Nan foto sa a, pwent ki nan mitan an se lonbrik manman an, epi X la se kote fanmsaj la te jwenn batman kè a.

a paper that lists each month of pregnancy from 5 to 9 with the date and a drawing as described above.
Dosye pozisyon bebe a

Pa egzanp, nan dosye sa a, bebe a pa t chavire tèt anba jiskaske 7yèm mwa a. Menm lè sa a, li te deplase agoch adwat, ki fè X la soti sou bò goch, l al sou bò dwat, epi l tounen sou bò goch la. Jan de mouvman sa yo nòmal.

Verifye ak ki vitès kè bebe a ap bat

Kè bebe a bat 120 a 160 fwa pa minit.

Si kè bebe a bat pi piti pase 120 fwa pa minit oswa pi vit pase 160 fwa pa minit, li ka gen yon pwoblèm. Si kè a bat pi piti pase 100 fwa pa minit oswa pi vit pase 180 fwa pa minit, bebe sa a bezwen èd doktè.

MW Ch8 Page 141-1.png
  1. Itilize yon mont oswa yon revèy ki ka kontwole segonn yo, menm jan w fè pou kontwole batman kè manman an. Si w pa gen yon mont oswa yon revèy, konpare batman kè bebe a avèk batman kè pa w la lè w ap repoze. (Oubyen, fè yon kwonomèt avèk bagay lakay). Kè bebe a dwe bat prèske 2 fwa pi vit pase kè pa w la.
  2. Konte konbyen fwa kè a bat nan 1 minit. Si li difisil pou w gade nan mont la pandan w ap konte batman kè a, fè yon moun di w ki lè pou w kòmanse konte ak ki lè pou w fin konte. Si kè bebe a ta sanble bat twò lan, kontwole batman kè manman an nan ponyèt li pandan w ap koute. Si batman kè manman an ak lòt batman kè w tande a tonbe daplon, se batman kè manman an w ap tande pa erè.
  3. Ekri nan dosye w ki kote w te jwenn batman kè a, epi konbyen l te ye.


Si batman kè bebe a pi wo pase 160, tann kèk minit, epi kontwole l ankò. Gendelè kè l bat pi vit paske l ap fè mouvman. Si batman kè a toujou pi wo pase 160 (sitou si li ta 180 oubyen plis) manman an ka gen yon enfeksyon. Verifye si kè manman an bat vit oswa si l gen fyèv.

Si kè bebe a bat twò dousman, li ka gen yon pwoblèm. Si kè l bat ant 100 e 120 fwa pa minit, eseye deplase bebe a yon ti kras ak men w. Petèt l ap dòmi. Gade si kè a bat pi vit lè l pap dòmi.

Si kè a bat pi ba pase 100 fwa pa minit, fè manman an al kay doktè. Bebe a an danje! Nan yon lopital fi a ka bezwen fè yon sezaryèn pou l ka fè pitit la pi bonè.

Note sa: Lè son batman kè l la fèb, sa pa vle di bebe a fèb. Sa senpleman vle di lestomak li oswa do l lwen zòrèy ou, oswa li yon jan difisil pou son an soti deyò vant manman an. Pa egzanp, si kò manman gra anpil, po vant li a ka pi pwès.

Ki sa pou w fè si w jwenn move siy

MW Ch8 Page 142-1.png
Bebe a nan pozisyon chita

Anpil fwa, bebe ki nan pozisyon chita fèt san pwoblèm, sitou si manman an gen lòt pitit li te akouche byen fasil. Men, bebe ki nan pozisyon chita konn pi fasil kole lè pou yo soti, oswa yo ka gen lòt problem grav.

Li ka posib pou w fè bebe a vire. Eseye metòd sa yo:

MW Ch8 Page 142-2.png
  • Leve ranch manman an. Mouvman sa a pèmèt bebe a soti nan basen manman an, pou l ka vire epi mete tèt li anba. Pou fè sa a, manman an dwe kouche sou do avèk yon bagay mou (tankou yon zòrye) anba ranch li pandan 15 minit, 3 fwa pa jou. Li pi bon pou sa fèt lè bebe a ap fè anpil mouvman.

    Apre manman an fin kouche konsa pandan 15 minit, li dwe mache pandan 5 minit. Si li ta santi bebe a vire, li pa sipoze leve ranch li konsa ankò jiskaske w gade si bebe a toujou nan pozisyon chita a.
MW Ch8 Page 142-3.png
  • Mande manman an pou l apiye sou jenou l epi depoze tèt li atè a, avèk tay li anlè. Sa se yon lòt fason pou deplase bebe a nan basen manman l pou l ka vire.
  • Eseye pale ak bebe a, klere yon flash bò vant manman an, oswa mete mizik byen swa sou vant li a, bò kote zo basen an. Bebe a gendwa vire pou l ka pi pre limyè a oubyen son yo.
  • Gendwa gen yon remèd fèy nan zòn nan ki ka ede ak sa.


MW Ch8 Page 142-4.png
Yon doktè ka rale bebe a soti avèk yon pens espesyal.

Si tèt bebe a pa chavire anba lè manman an kòmanse gen tranche, l ap pi bon pou manman an akouche nan yon sant sante oswa nan yon lopital. Doktè yo ka itilize yon pens espesyal ki fèt pou rale bebe a mèt deyò si l kole. Oubyen, yo ka fè yon sezaryèn.

Si yon bebe ki nan pozisyon chita pral akouche lakay, li trèzenpòtan pou gen yon fanmsaj prezan ki abil anpil (gade pou wè ki jan pou akouche yon bebe ki nan pozisyon chita).

Se pou w sonje gendelè akouchman sa a gen plis danje. Pa eseye akouche yon bebe ki nan pozisyon chita a lakay si:

  • Se premye pitit manman an.
  • Manman an te gen akouchman anvan sa ki te difisil oubyen ki te dire lontan.
  • Bebe a gwo anpil.
  • Manman an fèb oswa malad, epi li pap ka pouse byen.
  • Fanmsaj la pa gen anpil konesans oswa eksperyans avèk bebe ki nan pozisyon chita.
Bebe a kouche sou kote

Si bebe a kouche sou kote, sa vle di tèt li pa ni anba ni anlè, sou 8yèm mwa a, ou ka eseye leve ranch manman an. Si bebe a pa vire, manman an dwe pran dispozisyon pou l fè sezaryèn nan yon lopital.

a baby lying sideways in the womb.
Bebe sa dwe fèt pa mwayen sezaryèn.

Basen manman an twò piti pou bebe ki kouche sou kote pase ladan l. Si w eseye fè yon akouchman konsa olye de sezaryèn, matris manman an ap chire pandan li gen tranche, epi ni li menm ni bebe a ap mouri si yo pa jwenn bon swen medikal.

Si bebe a chavire tèt anba nenpòt lè, menmsi se jou pou l fèt la, manman an ka toujou akouche lakay. Men, sonje lè w ap eseye vire yon bebe ki kouche sou kote, sa gen anpil danje menm jan ak lè w ap eseye vire yon bebe ki nan pozisyon chita.

Marasa

Li ka trè difisil pou w konnen si se marasa ki nan vant manman an. Men siy ki ka fè w konnen se marasa:

a woman thinking while 2 women listen to her belly and tap with their hands.
Fason yo chak tape a diferan. Gendwa se marasa.
  • Matris la gwosi pi vit oubyen li pi gwo pase jan li ta sipoze ye.
  • Ou ka santi gen 2 tèt ak 2 dèyè lè w manyen vant manman an.
  • Ou ka tande 2 batman kè. Sa pa twò fasil, men li ka posib nan dènye mwa yo.


Men 2 fason pou w eseye tande batman kè marasa:

  1. Chèche batman kè pou youn nan bebe yo. Fè yon lòt moun chèche yon lòt kote pou wè si li ka tande yon lòt batman kè ase fasil. Si l tande yon batman kè tou, fè l koute nan yon plas pandan w ap tande nan lòt plas la.

    Nou chak ka tape ak men nou kadans kè a ap bat la. Si kadans yo menm, gendwa se batman kè menm bebe a. Si kadans yo pa menm, gendwa se 2 bebe diferan n ap tande.
  2. MW Ch8 Page 144-1.png
  3. Si w pa gen yon lòt moun, men w gen yon mont ki ka kontwole segonn yo, oswa w gen yon lòt kalite kwonomèt, eseye kontwole chak batman kè separeman. Si batman kè yo pa menm, ou ka ap tande 2 bebe diferan.


Si w panse se marasa, menmsi w tande yon sèl batman kè, fè manman an al kay doktè. Nan yon sant sante oubyen yon lopital, y ap ka sèvi ak aparèy sonografi a pou wè si se marasa.

Kòm akouche marasa konn pi difisil e pi danjere, gen plis sekirite si akouchman an fèt lopital. Epitou, akouchman marasa anpil fwa konn vini pi bonè. Se sa k fè, apre 6 mwa, manman an dwe toujou gen yon mwayen transpò disponib ki ka menmen l lopital nenpòt ki lè l ta bezwen sa. Si lopital la oubyen sant sante a lwen, manman an ka bezwen rete pi pre lopital la pandan dènye mwa gwosès yo. Asire w gen yon plan ki defini ki jan l ap fè jwenn èd si ta gen ka dijans.

Si akouchman an oblije fèt lakay, 2 fanmsaj ki abil dwe la a pou fè akouchman an. Siveye si manman an pa gen tranche twò bonè. Gade plis enfòmasyon sou akouchman marasa.


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024